Learn to Speak Creole |
Working Together to Make a DifferenceUntil she spoke no Christian nation had abolished Negro slavery. Until she spoke no Christian nation had given to the world an organized effort to abolish slavery. Until she spoke the slave ship, followed by hungry sharks, greedy to devour the dead and dying slaves flung overboard to feed them, ploughed in peace the South Atlantic, painting the sea with the Negro's blood. Until she spoke, the slave trade was sanctioned by all the Christian nations of the world, and our land of liberty and light included. Men made fortunes by this infernal traffic, and were esteemed as good Christians, and the standing types and representations of the Savior of the World. Until Hayti spoke, the church was silent, and the pulpit was dumb. Slave-traders lived and slave-traders died. Funeral sermons were preached over them, and of them it was said that they died in the triumphs of the Christian faith and went to heaven among the just. Frederick Douglass |
Tèt Ansanm Pou Fè Yon Diferans
Jiskaske li te pale, pa t gen nasyon Kretyèn ki aboli esklavaj. Jiskaske li te pale, pa t gen nasyon Kretyèn ki bay lemonn yon bon jèfò pou aboli esklavaj. Jiskaske li te pale, bato esklavaj avanse nan lapè nan Atlantik Sud la, ap pentire lamè ak san Nèg yo; te genyen reken byen grangou k ap swiv yo, ki pare pou devore esklav ki mouri yo voye jete nan lanmè kòm manje reken. Jiskaske li te pale, tout nasyon Kretyèn lemonn te andose komès esklavaj la, sa enkli peyi libète ak limyè pa nou an. Moun te vin rich nan trafik dyabolik sa a, epi lòt moun te apresye yo kòm bon moun Kretyèn, moun ki t ap reprezante sa ki Sòvè Lemonn nan. Jiskaske Ayiti te pale, legliz pa t di anyen, pastè yo te bèbè. Sa k travay nan komès esklavaj viv, sa k travay nan komès esklavaj mouri. Prèch antèman te prèche pou moun sa yo, epi yo di moun sa yo te mouri nan viktwa lafwa Kretyèn epi yo ale nan syèl la pami tout bon moun. Frederick Douglass |